- Odyans
- Yon gwoup moun ki ap koute yon moun ki ap fè yon diskou. Moun ki ap koute yon estasyon radyo. Moun ki ap gade yon estasyon televizyon.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Antrénman — Prepare pou yon evènman ki ap vini. Repetisyon. Refè yon bagay pou sonje kijan li te fèt anvan yon prezantasyon an fas yon odyans … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Bis — Repetisyon yon bagay paske yon odyans mande li yon lòt fwa anplis. Yon gwo mashin ki sanble avèk yon kamyon, men pasaje kapab rantre andedan li pou vwayaje. Pasaje yon bis kapab evite shanjmann nan tanperati a tankou lapli avèk solèy sho … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Blag — Yon konvèsasyon sou anpil bagay san konsantre sou yon sijè an patikilye. Moun bay blag avèk moun ki nan menm jenerasyon avèk yo ou byen anviwon menm laj avèk yo. Yon diskou ki fè odyans la ri … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Bouyon — Yon manje fòtifyan ki gen legim, vyann, avèk viv nan li. Premye tèks yon moun ekri avèk entansyon pou korije li anvan odyans li wè tèks sa a … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Diskou — Kanpe devan yon gwoup moun, yon odyans pou bay yon mesaj ki kapab pèsonèl ou byen de yon lòt moun … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Entwodiksyon — Premye nan twa pati yon redaksyon, yon disètasyon ki anonse odyans elèv la de kisa li ap ale pale nan devlopman an. Prezante yon moun devan yon lòt moun … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Komedyen — Yon moun ki fè moun ki ap koute li ri avèk nenpòt pawòl li di. Pwofesyonèl ki konnen kijan pou li fè yon odyans ri … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Pale — Ouvri boush epi kite mo moun kapab konprann soti nan boush la. Bay yon mesaj, di yon moun sa li bezwen tande. Bay yon odyans yon diskou. Pale Anpil, Pale san rete, san rezon. Di pawòl ki pa gen sans. Pran anpil tan pou fini yon konvèsasyon, yon… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Swe — Eta yon moun ki rete anpil nan solèy, ki ap fè anpil egzèsis avèk kò li epi yon likid sale vini ap soti nan pò nan kò li. Eta yon moun ki kanpe devan yon odyans pou premye nan lavi li epi, menmsi likid sale pa ap soti nan pò li yo, li santi likid … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Teyat — Pèfòmans plizyè aktè sou yon sèn pandan odyans la ap gade yo dirèkteman. Pèfòmans plizyè aktè sou yon sèl sèn ki gen shanjman pou fè li sanble avèk plizyè sèn diferan, men ki anrejistre sou yon band mayetik … Definisyon 2500 mo Kreyòl